lundi 12 août 2024

Kisa èmenetik biblik la ye?

 


Èmenetik biblik se etid prensip yo ak metòd pou entèprete yon tèks biblik. 2 Timote 2:15 egzòte kwayan yo pou pratike èmenetik: « Efforce-toi de te présenter devant Dieu comme un homme éprouvé, un ouvrier qui n'a point à rougir, qui dispense droitement la parole de la vérité. » Objektif èmenetik biblik la se aprann kijan pou entèprete, konprann ak aplike Bib la.

1.      Premye prensip èmenetik biblik la se nesesite pou entèprete Bib la literalman. Eksepte pasaj ki prezante karaktè senbolik nan lanati ak figi nan diskou, siyifikasyon ki pi evidan nan tèks la se li ki pi bon an. Ou dwe entèprete tèks ki nan Bib la literalman. Egzanp, nan Mak 8:19, Jezi pale de "senk mil gason," èmenetik la fè w konprann nonb 5000 la literalman: se yon foul moun ki grangou Jezi te bay manje pen ak pwason granmesi yon mirak. Nenpòt efò pou “espirityalize” figi sa a oswa eskli dimansyon mirakile nan tèks la p ap rann li jistis e l ap inyore entansyon otè a. Gen kèk egzèjèt ki fè erè lè nan eseye devine, fè wè sans yon mo ki kache. Y ap chache yon siyifikasyon ezoterik, tankou chak pasaj gen yon mesaj espirityèl kache nou dwe dekripte. Emenetik biblik pèmèt nou rete fidèl ak lespri Bib la, san nou pa alegorize[1] vèsè nou dwe konprann literalman.

2.      Yon lòt prensip enpòtan nan èmenetik sèke pasaj yo dwe entèprete nan kontèks yo, nou dwe konsidere done istorik ak gramatikal yo. Pou entèprete yon pasaj istorikman, nou bezwen konprann kilti a, aryèplan an[2] ak sitiyasyon moun ki te resvwa mesaj la dirèkteman oswa avan yo[3]. Egzanp, pou nou totalman konprann fuit Jonas nan Jonas 1:1-3, nou bezwen gade istwa relasyon ki genyen ant pèp Izrayèl la ak Asiryen yo.

Pou entèprete yon pasaj gramatikalman, nou bezwen suiv règ gramatikal yo epi konnen nyans ebre ak grèk yo. Egzanp, lè Pòl pale de "Notre grand Dieu et Sauveur Jésus-Christ’’ nan Tit 2:13, règ gramatikal yo montre mo (termes) Bondye ak Sovè yo paralèl epi yo tou de nan apozisyon parapò ak Jezikri. Yon lòt fason nou ka di se, "Notre grand Dieu » Pòl pale a se Jezi klèman.

Entèprete yon pasaj nan kontèks li vle di nou dwe teni kont de kontèks vèsè a oswa pasaj la pou detèmine sans li (siyifikasyon). Kontèks gen ladan vèsè ki vin anvan ak aprè vèsè n ap entèprete a, tout chapit la, liv la, epi, nan sans pi laj li yo, tout Bib la. Egzanp, gen kèk nan deklarasyon nan liv Eklezyas la ki etone nou, n ap jwenn vrè sans yo lè nou mete yo nan kontèks yo: liv sa a ekri nan yon pèspektiv tèrès, "sous le soleil" (Eklezyas 1:3). An reyalite, ekspresyon "sous le soleil" repete trant fwa nan liv sa a, sa ki montre poukisa "tout n’est que fumée" nan mond sa a.

3.      Yon twazyèm prensip èmenetik biblik sèke entèpretasyon Bib la toujou pi bon lè se Bib la ki entèprete tèks ki ladan yo (L’Ecriture s’interprète toujours le mieux par l’Ecriture). Pou rezon sa a, pou nou konprann yon pasaj, nou dwe toujou kòmanse konpare pasaj la avèk lòt pasaj[4]. Egzanp, kondanasyon Ezayi te fè sou entansyon moun Jide yo pou al chèche èd nan peyi Ejip ak depandans yo anba kavalri yo a (Ezayi 31:1) te motive anpati nan kòmandman Bondye a ki te entèdi klèman pèp li a pou ale cheval an Ejip (Detewonòm 17:16).

Gen kèk moun ki refize etidye èmenetik biblik paske yo fè erè nan kwè sa ap limite kapasite pou dekouvri nouvo verite biblik oswa yo panse sa ap toufe Sentespri a ki li menm la pou eklere nou sou sans sa ki ekri nan Bib la. Laperèz sa yo pa fonde paske objektif èmenetik biblik la se jwenn entèpretasyon ki kòrèk la nan tèks la ki enspire.

Emenetik pwoteje nou kont move aplikasyon nan Liv, li kont pwòp eksperyans nou, pèsepsyon nou ki defòme konpreyansyon nou.

Pawòl Bondye a se verite a (Jan 17:17). Nou la pou nou chèche laverite, pou n konprann li epi pou nou aplike l byen tout tan nou kapab. Pou sa, nou bezwen èmenetik tout bon.



Tèks orijinal: Gotquestions/Qu’est-ce que l’herméneutique biblique? Tradiksyon kreyòl JDE/STELA



[1] Chache yon sans kache nan yon mo literal. (Literal: mo pou mo, sa w wè a se sa otè a vle di).

[2] An anglè se “background”. 

[3] Benefisyè dirèk

[4] Sousi a se pou nou wè si pa gen yon lòt pasaj ki eksplike pasaj ki parèt difisil la: 2 Korent 6.14-16 / 1 Korent 5.9-13

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...