vendredi 8 novembre 2024

Kwonik 2: Twa moman enpòtan nan yon kou (APA-K)

 


Yon kou se yon seri leson yon pwofesè ap transmèt ou nan yon pwogram etid. Transmisyon sa  a fèt pandan yon tan byen detèmine. Pi souvan, etidyan yo kontante yo chita devan pwofesè a pou koute. Yo poze kesyon pou konprann ak konpoze pou w reyisi. Angwo, nou sanse wè de pi bon moman nan yon kou se ekspoze kou a ak konpozisyon. Malerezman, tandans sa a fè se nan moman egzamen yo plis etidyan yo mete tan pou bat bèt pandanke yo te ka fè sa pandan tout dire kou a. 

Se vre, nan yon bò, se kesyon metòd men nan yon lòt, menmsi metòd la ta difisil, gen twa moman pou yon etidyan valorize epi konble nan yon kou l ap suiv.

    1.      Avan kou a

Gade silabis la oswa liv pwofesè a ap itilize a. Gade gwo tit yo, fè yon kout lekti epi, si posib, souliye yon pwen enpòtan pou kesyone nan kou a.

    2.      Pandan kou a

Etidyan an dwe prezan alè pou kou a kòmanse devan li. Pandan ekspoze a, kaye ak plim dwe la pou pran nòt. Si pa gen nòt ki pran nan yon kou, se swa pwofesè a ap li sa ki ekri nan yon dokiman, li pa ale pi lwen. Oswa, leson l ap anseye yo pa entèrese etidyan yo. Pran nòt pa vle di note tout sa pwofesè a di men se note sa w konprann avèk mo pa w (parafraz).

    3.      Aprè kou a

Pi souvan, depi kou a fini, etidyan an santi li dezangaje. Nan ka pa ta gen devwa, l ap relouvri kaye a oswa liv la nan pwochen kou a. Se pa bon ditou. Aprè ou fin suiv kou e avan yon lòt, ou dwe repase nòt ou te pran. Se nan peryòd sa a w ap ka etidye pi byen. Sinon, nan poze kesyon nan kou a, gen anpil nosyon pwofesè a p ap gentan bay.

__________________________

Jérôme D. Emerson

Ekriven-Pwofesè 

Achte liv pwofesè Emerson yo lè w peze la LIV NAN PETRA



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...