mercredi 14 août 2024

3 leson sou batèm dlo | Dr Télasco Roldy (2)

 


 Leson 2

 YON MOUN TOU NÈF

2 Korentyen 5: 17: « Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a. »

 Yon moun ki resevwa Jezi kòm Sovè ak Senyè (oubyen Mèt), se yon moun ki aksepte antre nan wayòm Bondye a, kote li gen yon lòt Mèt ki se Kris. Se sa ki «repantans» lan, se kite chimen kondanasyon, lanmò ak lanfè, pou pran wout delivrans, lavi ak syèl. Lavi li chanje : li pa panse, ni pale, ni aji menm jan an ankò, li diferan ak moun ki pa konn Bondye yo. Li pa fè sa ke tèt li, ni lemond ni Satan vle pou l fè, men li fè sa Bondye vle li fè. Tout moun konstate se yon lòt koze, paske li vin yon moun tou nèf.

I.       BEBE FÈK FÈT

Moun ka repanti a kèlkeswa laj fizik, men fòk li konsyan e konprann sa vle fè a. Youn nan lòt bagay l ap bezwen konnen, sèke menm kote li repanti a epi Jezi antre nan kè li a, li vini pitit Bondye, yon bebe spirityèl, paske li vin yon lòt moun : « Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a. »  (2 Korentyen 5 : 17).

Se yon travay spirityèl paske li te gen tan fèt nan lachè deja, sa vle di nan vant manman l, e nou konnen li pa posib pou li tounen al refèt konsa ankò. Kounyè a li fèt nan Lespri Bondye a (Jan 3 : 5). Dayè Bondye ki se Espri ofri gras, e moun lan kwè, donk nou nan domèn spirityèl. Sèlman, si ou kwè nan kè ou, ou dwe konfese ak bouch ou (Women 9 : 9-10). Se ekzakteman konsa ou vin fèt yon lòt fwa, donk ou vin yon bebe spirityèl ki fèk fèt !

 II.    BEBE DWE GRANDI

 Nan domèn fizik, tout bebe ki fèt dwe grandi, dwe bwè lèt a dwe aprann mache. Se konsa tou spirityèlman, nouvo pitit Bondye yo, sa vle di bebe spirityèl yo, dwe grandi spirityèlman pou yo vin gen matirite : bebe yo dwe bwè lèt LaPawòl, dwe aprann pale nan lapriyè ak temwanyaj e yo dwe aprann pèsevere nan sèvis Bondye.

 a)       Lèt LaPawòl.

Lèt, sitou lèt tete manman gen tout vitamin ak proteyin pou bebe fizik grandi chak jou. Pawòl Bondye a, se lèt pitit Bondye a. Nan 1 Pyè 2 : 2, li di : « Tankou timoun ki fenk fèt, se pou  nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki sòti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre  nèt.»  Wi kretyen an dwe toujou ap fè lekti, koute e medite Pawòl la (Jozye 1 :8 ; Travay 17 : 11)

an)      Dyalòg lapriyè ak temwanyaj.

                    Tout timoun dwe devlope nan langaj ak nan mantal yo. Konsa kretyen an dwe aprann kominike ak Bondye, pou li ka sitou gen entimite, zanmitay ak langaj Papa spirityèl li a. Pa egzanp, li dwe aprann fè tout kalite priyè, tankou :

·   Konfesyon (avwe peche e mande padon).

·   Louwanj (bay bondye glwa pou sa Li fè).

·   Aksyondegras ou Remèsiman (di L mèsi).

·   Rekèt (priye pou mande pou tèt pa w).

·   Entèsesyon (priye pou lòt moun).

             Wi kretyen an ka priye tout lè (Efezyen 6 : 18), pou tout moun (1 Timote 2 : 1), tout kote (1 Tim. 2 : 8) sitou fèmen nan chanm li (Matye 6 : 6).

             Langaj kretyen an pa sèlman devlope nan priye Bondye men tou nan konvèse ak moun, nan temwanye sou Bondye, nan evanjelize, nan preche levanjil delivrans lan pou non sèlman sove lòt nanm men tou pou edifye yo oubyen ede yo grandi nan konfyans.

 b)      Mache nan sèvis (persevere). Tout bebe  sanse aprann mache. Wout lavi kretyèn mande tou pou ou avanse, pou vin abil nan sèvis Bondye, nan sèvis pou itil oubyen grandi lafwa lòt krteyen yo, gras ak don Bondye ba ou (Ebre 10: 25). Konsa, reyinyon yo enpòtan, dayè, ou pa dwe ka sèvi Bondye poukont ou. Lè yo rasanble bout bwa, sa ka fè gwo flanm dife e yo va byen boule jouk yo fè sann, konsa tout chak kretyen kenbe lòt fèm nan lafwa lè nou reyini.

  

Dr Télasco Roldy

Fondatè e Dwayen STELA

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...