mercredi 14 août 2024

3 leson sou batèm dlo | Dr Télasco Roldy (1)

 

Depi 2000 lane, depi Jezi te fin enstitye Legliz la sou latè, gen anpil moun ki falsifye oubyen tòde doktrin osinon ansèyman Mèt la. Gen  moun ki pratike yo mal, genyen ki pa pratike yo ditou, pandan yo eseye fè moun kwè yo se kretyen oubyen y ap swiv Kris la. Pa egzanp, batèm nan dlo ki se yon doktrin fondamantal krisyanism lan, se ta dwe premye devwa yon moun ki kwè, men yo fè anpil erè nan konpreyansyon li. Wi, batèm nan dlo pa yon opsyon, men se yon lòd, yon obligasyon pou tout moun ki kwè e ki repanti.

 Nou di « moun ki kwè », donk fòk ou gen lafwa nan Jezi. E pou yon moun gen lafwa, fòk li te tande Pawòl Bondye a : « Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y ap anonse. » (Women 10 : 17). Enben, se nan lide pou ede moun metrize esans levanjil la ki se Pawòl Bondye a, nan lide pou nou asire nou ou tande, koute e kwè tout bon, ki fè nou prepare ti dokiman sa a. Dayè, Women 14 : 23 di : « Tout sa ou fè san konviksyon se peche. » Konsa nou swete ou byen koute, byen konprann e byen pran desizyon ou.

 Bondye beni w !

Dr Télasco Roldy

Fondatè e Dwayen STELA

Leson 1

LANMOU BONDYE POU LÒM

Jan 3 : 16 : «Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm, Li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pedi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.»

 An nou wè kote lanmou Bondye pou lòm kòmanse manifeste, e jous kibò li rive eksprime li.

 I.                   KREYASYON AK PECHE LÒM

 Nan Ebre 3: 4 li di : « Chak kay gen yon moun ki bati li. Men se Bondye ki fè tout bagay. »


Wi, lanati pwouve nou gen yon Bondye ki egziste (Sòm 19: 1). Depi avan, Dye fè pwovizyon pou lòm, Li kreye manje mete sou latè pou nou. Apre sa, « Bondye kreye moun. Li fè l pòtre ak Li. Li kreye yo gason ak fi. » (Jenèz 1: 27). Sepandan, akoz Adan ak Èv te dezobeyi lòd Bondye kote yo te manje fui nan pyebwa Li pa t vle a, enben peche a te lakoz yo mouri (spirityèlman, fizikman, etènèlman) : « Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. » (Women 6 : 23). Sa lakoz tout moun nèt mouri spirityèlman, osinon nou separe ak Bondye ki se lavi, dapre Women 3 : 23: “Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.”

Se konsa, pòtre Bondye nan lòm vin blaze. Menm si ou pa touye moun, ou gen peche ou fè kanmèm. Se paske tout moun fèt nan peche (Sòm 51 : 5) oubyen paske nou fèt ak nati peche a ki lakoz nou pa ka pa komèt peche. Konsa, sitiyasyon lòm grav. Men kounyè a, ki solisyon pwoblèm sa ?
 II.                MANIFESTASYON LANMOU BONDYE

 Jistis Bondye egzije pou lòm peye konsekans peche a ki se « mouri ». Sèl posibilite ki te ka egziste pou moun chape anba lanmò spirityèl ak etènèl la,  se si san ta koule, paske Ebre 9 : 22 di : « …Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo. » Sepandan, nan Ansyen Kontra a san bèt pa t ase efikas pou wete kondanasyon peche a, e lèzòm pa t ka rachte tèt yo (Sòm 49:  8), nou pa gen okenn zèv nou te ka fè pou sa, paske nou deja koupab. Se konsa lanmou Bondye t ap al fè Li voye Jezi sèl Pitit Li a mouri nan plas nou pou rachte nou anba kondanasyon peche a, dapre Jan 3 : 16 :

 «Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pèdi lavi yo. Okontrè ya gen lavi ki p ap janm fini an.»

Jezi ki inosan, ki viv san peche (Ebre 4: 15) te dakò pou san Li te koule pou efase peche nou an (1 Jan 1 : 7), osinon pou pran kondanasyon an. Li pran lanmò nou, Li ba nou lavi, sa rele favè oubyen GRAS (Efezyen 2 : 8). E se paske Jezi se Bondye ki pran fòm moun (Filipyen 2 : 5), ki fè Li gen posibilite pou rekonsilye moun ak Bondye (2 Korentyen 5: 19). Se sa ki fè Jezi kanpe devan pot kè chak moun, Lap frape (Revelasyon 3 : 20). Konsa moun ki louvri pòt kè yo ba Li, osinon ki reswevwa gras la, oubyen moun ki kwè nan Li yo, Li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye (Jan 1 : 12).

 Lyen dezyèm leson an  Leson 2


 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...