mercredi 14 août 2024

Etidye teyoloji nan yon pwogram espesyal

 


Nan STELA, nou gen twa pwogram etid nan teyoloji. Youn an prezansyèl e ki regilye. Ou ka suiv kou sa yo nan Collège Mixte Eben-Ezer, samdi ak dimanch soti 2zè pou rive 6zè nan aprè midi.

Gen yon lòt pwogram etid pou kretyen ki nan lòt peyi oswa ki Ayiti men ki pa ka vin suiv kou prezansyèl yo. Li fèt anliy sou Google Meet. Sepandan, pwogram sa a limite sèlman nan sètifika.

Gen yon twazyèm pwogram ki se yon etid iregilye ki bay nenpòt kretyen an posiblite pou l etidye nan suiv seminè, fè devwa pèsonèl ak patisipe nan atelye sou dives sijè nan kisis la. Konsa, chak fwa ou patisipe nan yon seminè epi ou sibi yon evalyasyon, w ap ka konplete nòt pou dekwoche sètifika oswa yon diplòm nan teyoloji.

_____________________

Seminè ki ankou (Peze/Klike sou #1 ak #2 a pou wè kontni kou yo

#1. Entwodiksyon nan teyoloji kretyen

#2. Hermeneutique biblique - 1

Si youn nan pwogram sa yo entèrese ou, prive nou nan youn nan nimewo sa yo (509) /4394-0513 / 3718-7157/3934-1225.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...