"Pa gen tan" se youn nan pi gwo andikap etid, sitou an Ayiti. Poutan, yon moun ki pa gen tan pa ka etidye. Alò, kòman, ou menm k ap etidye teyoloji, ka konnen ou pa genyen? Li fasil pou w konnen. Men kèk siy ak atitid ki ka ede w.
1. Ou
pa gen tan pou revize nòt ou te pran nan klas la.
2. Ou
toujou prese nan fè devwa ou paske w pa janm prè.
3. Ou
toujou okipe nan lòt aktivite menmlè travay lekòl la nan panse w.
4. Ou
toujou ap mete sa pou w fè pou yon lòt lè oswa yon lòt jou.
5. Devwa
ou pa janm fin byen prepare.
6. Ou
souvan bliye yon ti detay.
Si ou travay sou chak siy ak atitid sa yo ou ka jere tan w
pou fè devwa, revize nòt ak prepare pou kou k ap vini an.
___________________________
Jérôme D. Emerson
Ekriven-Pwofesè
Achte liv pwofesè Emerson yo lè w peze la LIV NAN PETRA
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire