vendredi 8 novembre 2024

Kwonik 3: Kesyònman nan etid teyolojik



Yon lekòl oswa seminè teyolojik pa yon seri konferans pwofesè bay pou oditè tande epi poze kesyon. Li enpòtan pou yon etidyan konprann sans mo “etidyan” an epi veye pou tout sa l ap fè nan kad etid li koresponn avèk egzijans li. Tankou, yon etidyan nan teyoloji pa dwe reyaji menm jan avèk yon senp oditè nan yon konferans oswa yon patisipan nan yon etid biblik. Li pa vin tande sa yon pwofesè ap eksplike pou l poze kesyon men pou li ka jwenn repons sou kesyon li yo. Konsa, l ap ka pwodui pi bon refleksyon, konprann doktrin lafwa kretyen an pou li ka pratike yo nan lavi chak jou li. Li pa ka pran plezi poze kesyon sèlman ki ka rezilta parès entèlektyèl jan pwofesè Fanfan Estimé renmen fè remake sa. 

Antanke etidyan,  yon kretyen dwe fè efò pou monte nivo li te genyen nan etid primè ak segondè. Nan nivo sila yo, se pwofesè a ki te konn plis travay pandan elèv yo t ap etidye (bat pakè) pou reyisi egzamen final oswa chape anba pinisyon. Nan nivo teyoloji, etidyan an ap bouske konesans pou li ka sèvi Bondye pi byen nan tach li nan legliz lokal la. Egzanp, yon pastè k ap etidye teyoloji ap plis poze kesyon sou kòman li ka dirije pi byen, pran swen fidèl ak pi byen andoktriine yo. Kesyon polemik sou lòt pastè pa ta dwe konte. Konprann sa fidèl yo ap tann de li pi enpòtan.

Yon elèv lekòl pa t oblije gen plizyè liv nan yon matyè pou fè lekti ak remèt rapò oswa fè rezime, sitou nan nivo primè. Li te dwe genyen liv direksyon an egzije nan lis liv yo. Anplis, se te plis travay paran li alòske nan teyoloji, se responsablite etidyan an. Elèv la dwe etidye pou li pase egzamen yo selon sa li te aprann nan klas. Se mwayèn ki detèmine kapasite li, kontrèman, nan teyoloji se nivo refleksyon li. Yon etidyan ki fò pa gen anpil rapò avèk yon mwayèn. Ki rezilta final yon konesans ki rete nan tèt ou, nan achiv lekòl la pandanke reyalite legliz la pa janm chanje? Ki solisyon gwo mwayenn pote pou pwoblèm reyèl yo? Eske yon etidyan nan teyoloji fò paske li toujou fè anpil pwen nan egzamen, li loreya oswa li rive gradye epi pran yon diplòm? Yon kote, nòt yo demontre etidyan an te suiv kou, li konprann e li satisfè egzijans akademik yo. Yon lòt kote, kapasite sa a dwe itil asanble li ak tout moun l ap enfliyanse nan ministè li. 

Plis enpòtan pase kesyon


Lè pwofesè a ap dispanse yon kou, li bon pou etidyan an pote atansyon pou tande, konprann epi note sa ki parèt nouvo, enkonpreyansib, fè l doute, rasire li oswa rann li flou. Entèwonp pwofesè a ka fè li rate fil lide li, redui sou tan nesesè pou atenn objektif li yo selon silabis kou a. Trè souvan, nan poze kesyon, kou a plis konn transfòme nan yon veritab deba san oryantasyon olye nan kesyònman koyeran e apwofondi. Nan ka sa a, li pi bon lè se pwofesè a ki pou oryante deba a. Li ka kontwole li epi evalye nivo metriz ak enterè etidyan yo ladan.

Yon etidyan entèlijan pa pran plezi nan poze kesyon sou tout sa li fèk aprann ni sou sijè l ap tande tout tan. Men sa li ta dwe fè pito :

1)      Pote atansyon sou sa l ap tande pou l ka konprann. Si li konprann, sa sifi.

2)     Note tout mo, ekspresyon, vèsè, sitasyon ak demach ki enpòtan.

3)      Aprè kou a, li chache plis pou li ka verifye, akspete, rejte oswa remete ankesyon…

Lè finalman etidyan an poze kesyon, li atire atansyon pwofesè a sou konpetans li ak vizyon li nan kou a. Pwofesè a kapab jije kesyon li an selon silabis kou a, sa li te di ak rechèch li dwe fè (entènèt, liv, elatriye). Pou yon rezon oswa yon lòt, pwofesè a ka site yon sit, yon liv, yon chèn anliy, yon etid nan nivo oswa sesyon avanse.

Kesyon etidyan an pa dwe montre li tankou yon senp oditè k ap repete sa li tande pou konnen opinyon pwofesè a san li pa bezwen. Egzanp, pou gen plis agiman pou konvenk yon kwayan sou fason Repa Senyè  a dwe fèt, etidyan an ka poze yon kesyon konsa: “Ant koup ak tivè, ki pi bon fason pou bay Repa a?”. Repons pwofesè a te ka konsa: “Tou de bon, sa ki pi enpòtan, se egzamine tèt ou avan”. Repons sa a dwe sèvi etidyan an si l twouve li bon. Twòp kesyon pa ta dwe poze pou konpare, kritike ak kondane. Anpil fwa, etidyan an ta dwe mennen ankèt li pou konnen plis, se pou sa gen estaj ak memwa. Kesyònman nan kou se pou apwofondi konesans. Se poutèt sa, mizapa konpetans pwofesè a, etidyan an dwe suiv eksplikasyon, itilize dokiman kou yo, li plis chak jou (liv, jounal, entènèt), tande lòt pwofesè oswa konferansye. 

Jérome Dorsonne Emerson

Pwofesè | Ekriven | Editè | Enprimè | Fasilitatè nan lidèchip kretyen

Masteran nan teyoloji sosyal ak devlòpman entegre

Kontak dirèk: (509) 3934-1225

Adrès elektwonik: edisyonpetra@gmail.com 

Lis kèk atik: https://drive.google.com/drive/u/0/folders/1mrmZYS6JrEE7z-Lhx1oKv-knt03x22d6

 

22/04/24 | Modifye 1 me 2024

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...