vendredi 5 avril 2024

Depi w nan teyoloji, w ap vin pastè: èske se vre?


Nan lekòl teyoloji yo, kamarad yo toujou ap rele youn lòt “pastè”. Pou anpil fwa, se yon fason pou montre respè. Pou lòt fwa, yon etidyan sibi enfliyans, li repete sa li tande. E pou anpil lòt fwa ankò, se entansyonèl, se volontè. Kidonk, tandans ki fè kwè depi ou nan teyoloji, se pou w vin pastè a byen egziste. Se yon reyalite nou ka wè nan divès aspè. 

Pou kòmanse, gen ouvriye ki ta renmen vin pastè. Se pa yon peche puiske, jan apot Pòl te di Timote sa, se yon bèl travay (1 Timote 3.1). Men, pou lòt, se yon dezi, yon rèv pou nou pa di foli. Se la li ka vin tounen yon danje nan ministè yon pastè konsa. Paske, daprè sa nou li nan Bib la, se Sentespri a ki chwazi moun pou vin pastè : « Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa.(…) li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak direktè » (Efezyen 4.11).

Nan ka sa a, si se etidye teyoloji ki fè yon kretyen vin pastè, fòmasyon akademik la ranplase imedyatman pouvwa ak volonte Sentespri a pou chwazi. Konsa, yo pa t ap nesesè pou konnen kilès ki ka fè yon ministè ou pa jan Bib la fè nou konnen sa (Women 12.6-8).  

Pou n avanse, nan kesyon relijyon, sitou an Ayiti e nan legliz pwotestan yo, gen anpil pawòl ki plis pale pase yo ekri. Predikatè yo repete yo, oditè yo kwè amezi y ap koute plizyè predikatè e plizyè fwa. Moun plis kwè yo pase yo chache konnen si se vre (Travay 17.11). Malerezman, sistèm nan plis fasilite kwayans sa yo (erezi, erè, inyorans, medyokrite, estereyotip) paske pa gen ase moun pou kanpe pou di non (Travay 214-16). Li pi fasil pou tande yon koze konsa: « Frè Jan nan teyoloji ui, talè l ap vin pastè». Yon kategori pral di frè Jan sa anfas byen serye, yon lòt ap kritike li e yon lòt ankò gen pou pase l nan rizib pou sa. Ou ka jwenn yon lòt kategori ki mefye li dezòmè epi eseye anpeche li avanse. Poutan, nan lide frè Jan, ki gen tan jwenn bon bèt nan teyoloji, se pa sa ditou.

N ap kontinye pou nou fè w remake li difisil pou yo di frè Jan pral etidye teyoloji pou li ka vin yon bon monitè, yon predikatè efikas oswa yon menè etid serye. Li te ka yon bon evanjelis tou, yon apot, yon pwofèt oswa yon doktè. Poukisa se pastè ? Eske se pastè yo ki plis bezwen fòmasyon pase tout ouvriye legliz la ? Èske se pastè yo ki fè tout travay yo ? Èske ouvriye yo tou pa neglije teyoloji paske yo konnen se pa nesesè ? Kesyon anpil, repons yo nan wout.

An nou fini pou nou di wo e fò SE PA VRE ! Etidye teyoloji nan nenpòt inivèsite, seminè oswa lekòl teyolojik pa gen rapò dirèk ak pastè. Nenpòt kretyen ki ranpli kondisyon akademik yo ka etidye teyoloji. Sa pa vle di li bezwen vin jwe yon wòl nan legliz la. Tout manm ki nan yon komite legliz, tout monitè, tout predikatè, tout manm k ap travay avèk timoun oswa jèn moun, yo tout ka etidye teyoloji depi yo ka respekte prensip yo epi konsakre nou pou sa. Dayè, pandan w ap etidye teyoloji, w ap dekouvri anpil verite ou pa t ap janm konnen.

Si ou ta vle etidye teyoloji, ou ka chache enfòmasyon sou plizyè lekòl oswa seminè biblik ki nan zòn ou. Gen lekòl anliy tou si ou pa gen tan pou suiv nan klas. Ou ka kontakte nou nan 3934-1225 (Whatsapp) pou nou oryante ou. 


 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...