mercredi 14 août 2024

3 leson sou batèm dlo | Dr Télasco Roldy (3)

 


Leson 3

BATÈM NAN DLO

Matye 28 : 19 : « Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. »

 Inyorans, sitou enkredilite ak fo konvèsyon, fè anpil moun pa vle pran desizyon pou yo batize pandan yo di yo kwè. Alòske Bib egzije tout moun ki kwè pou yo batize nan dlo.

 I.    POUKISA OU DWE BATIZE NAN DLO ?

Yon bebe ki fèk fèt, se nòmal pou yo benyen l, li pase nan yon lòt anviwònman. Konsa tou, nouvo pitit Bondye a dwe batize nan dlo pou di tout moun li se yon lòt moun, li antre nan yon lòt wayòm. Enben, batèm se non sèlman senbòl konvèsyon an, men tou se temwanyaj piblik pou eksprime lafwa ou nan Jezi. Konsa, sa ki sove moun lan tout bon an, se lafwa li nan JeziKris ak repantans li, se lafwa pou resevwa gras Bondye a. Donk se pa batèm lan, batèm se yon zèv, li pa ka sove moun ; men si ou sove, ou dwe batize. Nou ta di : Ou pa batize pou  ou ka sove, men ou batize paske ou sove. Nou ta di ankò, si ou sove vre w ap mande batize rapidman tankou chèf Letyopi a (Travay 8 : 36) ; men, si ou pa vle batize, sa tou vle di ou pa ko sove vre.

 II. KIJAN OU DWE BATIZE ?

Nan seremoni batèm lan gen yon pawòl ak yon mouvman ki enpòtan: se pawòl oubyen fòmil ki bay nan non kilès batèm lan fèt, epi mouvman kote moun nan dwe plonje nèt. Ann gade sa.

a)      Nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

Bib la mande pou tout sa n ap fè, se pou nou fè l « nan non Jezi » (Kolosyen 3 : 17). Sa vle di dapre ansèyman ak prensip Jezi te bay. Se sak fè Pyè te mande moun yo batize nan non Jezi (Travay 2 : 38). Enben, ki prensip Jezi te bay pou lè n ap batize moun ? « Ale fè disip pou mwen, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. » (Matye 28 : 19) Donk, « batize nan non Jezi » pa pwoblèm (dapre ansèyman Jezi), « batize nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. » pa pwoblèm (se presizyon sou sa Mèt la mande) ; men si ou vle wete doutans nan lespri moun ki fèb, w ap mete tout moun dakò, lè w ap batize yo, si ou di : « Nan non Jezi, mwen batize w nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. »

 an)      Tout  kò a dwe plonje.

                  Mo batèm lan soti nan grèk baptizô ki vle di « plonje, imèje ». Pa egzanp Filip te desann nan dlo pou batize chèf Letyopi a (Trav. 8 : 38).

 Bib la, nan Galat 2 : 2,11,12,20, eksplike sa ki rive moun ki fèt yon lòt fwa a : Li mouri ak Kris (v. 20), li mouri annegad peche e li vivan pou Kris (v. 2). Se konsa batèm nan dlo eksprime reyalite spirityèl sa a. Konsa sinyifikasyon batèm lan di nou kwayan an antere ak Kris (plonje) e li resisite ak Kris (leve nan dlo a). Konsa, se pa ti dlo pou yo vide sou tèt yon moun k ap batize (aspèsyon, efizyon), men se plonje pou yo plonje li nan gwo dlo a (imèsyon).

 

Dr Télasco Roldy

Fondatè e Dwayen STELA

 


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...