Se Marcson Théagène, etidyan nan nivo preparatwa, ki pran pri "PRI ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE". Seremoni sa te òganize Senmak nan okazyon premye Fèt Kloti Ane Akademik nan STELA nan dat 15 desanm 2024.
Toujou prezan, frè Marcson se youn pami etidyan nenpòt nouvo etidyan ka pran pou modèl nan divès domèn.
Pri "ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE" se twazyèm inisyativ, aprè "LE LECTEUR DU MOIS" ak "JOUNAL ETIDYAN YO/JOURNAL DES ETUDIANTS". Objektif jeneral yo se ankouraje etidyan yo nan etid yo nan fason y ap pwodui, kiltive ak mennen tèt yo nan STELA pou yo ka vin teyolojyen valab nan ministè yo.
Dekana deja swete tout etidyan li yo prepare yo pou pran pri sa a nan ane 2025 la.
Nou envite w gade yon ti bout nan deklarasyon etidyan Marcson Théagène👇
Ou ka li yon atik Marcson nan lyen sa a Legliz ta dwe envesti nan ansèyman
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire