Nan legliz alèkile, nou jwenn plis moun k ap preche pase moun k ap anseye. Se yon pwoblèm majè e se youn nan rezon ki koz anpil fo doktrin ap pwopaje pami kretyen yo. An nou wè kòman predikasyon ak ansèyman te ye nan Legliz primitiv la.
Nan
epòk sa a, kretyen yo te chita nan ansèyman selon Travay2.42. Se youn nan rezon
ki fè legliz la te enpakte kominote yo. Yo te konnen e yo te prè pou aplike
prensip evanjelik yo jan Pòl fè nou wè sa nan 2 Timote 3.16 ak 17. Fokis sou disetyèm vèsè a :
« Tou sa ki
ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y ap sèvi pou moutre moun
verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k ap fè fòt, pou moutre
yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k ap sèvi Bondye, li
tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen». Se ansèyman k ap fè w konnen kòman pou sèvi Bondye.
Li enpòtan pou legliz
envesti nan anseyan yo. Tankou, li ka finanse etid yo nan lekòl biblik, dispoze
mwayen pou yo achte dokiman epi ba yo plis opòtinite nan asanble yo pou fè
enstriksyon fidèl yo.
Marcson Théagène
Etidyan nan Teyoloji nan STELA
Nivo Preparatwa
Ou ka li premye atik la Johnsley Jean ekri nan lyen sa a Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan? 👇👇
Felisitasyon
RépondreSupprimerFrè Marcson fè Yon gran pwen sou sijè a. Paske li touche baz avni legliz la ki se ansèyman .Letènèl deklare nan Oze 4:6. :"pèp mwen an ap peri paske yo manke konesans." Donk legliz la dwe envesti nan ansèyman pou konesans yo kapab grandi nan bondye.predikasyon vize lafwa Moun, epoutan legliz la pa sèlman bezwen kwè, men li dwe konnen kijan pou l aplike sa li kwè yo. Legliz la dwe envesti nan ansèyman pou yo kapab gen plis disip ki ka anseye lòt Moun . selon 2 Tim 2:2. Jezi Kris menm Di lè nou fin fè disip pou li se pou nou anseye yo Matye 28:19-20 .
RépondreSupprimerAnfen san ansèyman legliz la pa gen avni.