mardi 10 décembre 2024

Jounal Etidyan yo (#1): Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan?


Sentsèn nan se yon òdonans Jezi te bay disip li yo avan li te mouri (Matye 26.26-28, 1 Korent 11.23-26). Li te vle anseye yo anpil bagay, pami yo, pen ak diven an ki reprezante kò li avèk san li. 

Avan menm yo te manje ak bwè, Jezi te fè yon jès senbolik kote li te lave pye disip yo (Jan 13.1-15). Aksyon sa rete yon tradisyon  nan anpil legliz nan moman Sentsèn nan: manm legliz yo toujou lave pye youn lòt. Eske li obligatwa chak fwa l ap fèt?

An reyalite, prensip lave pye a te egziste depi byen lontan, kote depi yon moun enpòtan vini lakay ou esklav yo te toujou lave pye yo. Se te pou montre ospitalite ak respè sitou pou moun ki t ap fè yon long distans apye. Nou jwenn yon egzanp nan Jenèz 18.3-5 kote Abram te lave pye vizitè li yo. 

Ebyen, Jezi te fè menm aksyon sa pou l te kapab anseye yon kalite ki vrèman enpòtan kay disip yo ki se imilite. Li te di yo si li menm y ap rele Mèt e Senyè dakò lave pye yo sa vle di anpil bagay. Konsa, sa ki esansyèl nan lave pye yon moun se desann pou montre imilite w. Yon legliz ka toujou chwazi fè manm li yo fè sa men si pa gen imilite ladan, li pa sèvi anyen.


Johnsley Jean

Etidyan nan STELA



Jounal Etidyan yo se yon ribrik nan STELA pou ankouraje etidyan yo pwodui nan lang kreyòl. 


1 commentaire:

Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...