jeudi 5 décembre 2024

Eske kretyen ka fete Nwèl?

 



 










S

e sèten pa gen moun ap etone si m di Nwèl se pi bèl fèt ki gen sou latè. Yo fete li prèske tout kote nan mond lan. Se yon gwo tradisyon, yon fèt ki pote aktivite ak lajwa… Nwèl, se yon moman retwouvay pou fanmi ak zanmi. Se yon moman ki pote nostalji, ki fè granmoun sonje lè yo te timoun. Depi epòk nwèl rive tout moun santi yon lòt anbyans: tanperati a chanje (sezon ivè) pandan tout moun sou aktivite. Chanson Nwèl nan tout radyo, nan televizyon, tout moun ap prepare pou pentire kay, dayè yon ane tou nèf pral antre. Gen moun ki chèche kote yo jwenn pye sapen natirèl oubyen atifisyèl ke yo dekore ak grelo, boul nwèl, figirin, etwal nwèl e latriye. Konsa, ti limyè pran fè yanyan nan abdenwèl, nan chak kay. Nan epòk sa gen anpil pwogram tankou bal, reveyon, maryaj, konkou chante nwèl… Magazen yo menm chaje ak jwèt pou timoun. Konsa, lè timoun yo reveye nan maten 25 desanm lan yo jwenn kado, tout kalite jwèt anba zòrye yo. Wi, se yon fèt ki pote lajwa, bèl aktivite, anfen fèt la bèl !

 Men kounyè a, pou jan nou wè fèt sa bèl, pou jan yo ba li valè tout kote, e menm katolik fè lamès, pwotestan yo fè divès aktivite pou fete nesans Jezi, nou oblije fè yon etid sou li pou konnen èske kretyen ka fete li vre. Konsa nan ti liv sa, nou konsakre 5 chapit pou rive sènen dosye Nwèl la epi ede nou pran pozisyon nou antanke kretyen parapò ak fèt sa :

·        Nan premye chapit la, nou va wè orijin Nwèl la, sa vle di ki kote ak ki fason li kòmanse.

 ·        Nan dezyèm chapit la nou va gade atravè Bib la, atravè listwa, jewografi ak lojik èske Jezi te fèt 25 desanm vrèman.

 ·        Nan twazyèm chapit la, nou va gade ansanm nati pèsonaj sa yo rele Papa Nowèl oubyen Tonton Nwèl la, epi ki misyon li genyen.

 ·        Nan katriyèm chapit la, nou va ede w detekte ki espri ki akonpanye Tonton Nwèl ak tout fèt Nwèl la.

 ·        Nan senkyèm chapit la, nou va ede kretyen yo detèmine ki konpòtman yo dwe genyen nan lannuit Nwèl la.

           Konsa, nou envite w vini ame ou ansanm ak nou ak Bib, ak listwa ak jewografi epi lojik pou nou manyen chak pwen sa yo.



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...