mardi 24 décembre 2024

Pri Etiyan Egzanplè Ane 2024 la nan STELA


Se Marcson Théagène, etidyan nan nivo preparatwa, ki pran pri "PRI ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE". Seremoni sa te òganize Senmak nan okazyon premye Fèt Kloti Ane Akademik  nan STELA nan dat 15 desanm 2024.

Toujou prezan, frè Marcson se youn pami etidyan nenpòt nouvo etidyan ka pran pou modèl nan divès domèn. 



Pri "ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE" se twazyèm inisyativ, aprè "LE LECTEUR DU MOIS" ak "JOUNAL ETIDYAN YO/JOURNAL DES ETUDIANTS". Objektif jeneral yo se ankouraje etidyan yo nan etid yo nan fason y ap pwodui, kiltive ak mennen tèt yo nan STELA pou yo ka vin teyolojyen valab nan ministè yo.

Dekana deja swete tout etidyan li yo prepare yo pou pran pri sa a nan ane 2025 la. 

Nou envite w gade yon ti bout nan deklarasyon etidyan Marcson Théagène👇


Ou ka li yon atik Marcson nan lyen sa a Legliz ta dwe envesti nan ansèyman



lundi 16 décembre 2024

Jounal Etidyan yo (#2) : Legliz ta dwe envesti nan ansèyman

 

Nan legliz alèkile, nou jwenn plis moun k ap preche pase moun k ap anseye. Se yon pwoblèm majè e se youn nan rezon ki koz anpil fo doktrin ap pwopaje pami kretyen yo. An nou wè kòman predikasyon ak ansèyman te ye nan Legliz primitiv la.

Nan epòk sa a, kretyen yo te chita nan ansèyman selon Travay2.42. Se youn nan rezon ki fè legliz la te enpakte kominote yo. Yo te konnen e yo te prè pou aplike prensip evanjelik yo jan Pòl fè nou wè sa nan 2 Timote 3.16 ak 17. Fokis sou disetyèm vèsè a : « Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen». Se ansèyman k ap fè w konnen kòman pou sèvi Bondye.


Predikasyon deklare verite a men ansèyman eksplike l. Predikasyon plis pou enkredil e se okazyonèlman legliz ta dwe tande l men pou ansèyman se an pèmanans li dwe fèt paske se li ki bay leson pou legliz la mete an aplikasyon. Depi yon moun fin disip, nou pa dwe kontinye preche li men se anseye li pou li ka konnen kòman pou l suiv Jezikris.

Li enpòtan pou legliz envesti nan anseyan yo. Tankou, li ka finanse etid yo nan lekòl biblik, dispoze mwayen pou yo achte dokiman epi ba yo plis opòtinite nan asanble yo pou fè enstriksyon fidèl yo.

Marcson Théagène 

Etidyan nan Teyoloji nan STELA

Nivo Preparatwa

Ou ka li premye atik la Johnsley Jean ekri nan lyen sa a Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan?   👇👇



mardi 10 décembre 2024

Jounal Etidyan yo (#1): Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan?


Sentsèn nan se yon òdonans Jezi te bay disip li yo avan li te mouri (Matye 26.26-28, 1 Korent 11.23-26). Li te vle anseye yo anpil bagay, pami yo, pen ak diven an ki reprezante kò li avèk san li. 

Avan menm yo te manje ak bwè, Jezi te fè yon jès senbolik kote li te lave pye disip yo (Jan 13.1-15). Aksyon sa rete yon tradisyon  nan anpil legliz nan moman Sentsèn nan: manm legliz yo toujou lave pye youn lòt. Eske li obligatwa chak fwa l ap fèt?

An reyalite, prensip lave pye a te egziste depi byen lontan, kote depi yon moun enpòtan vini lakay ou esklav yo te toujou lave pye yo. Se te pou montre ospitalite ak respè sitou pou moun ki t ap fè yon long distans apye. Nou jwenn yon egzanp nan Jenèz 18.3-5 kote Abram te lave pye vizitè li yo. 

Ebyen, Jezi te fè menm aksyon sa pou l te kapab anseye yon kalite ki vrèman enpòtan kay disip yo ki se imilite. Li te di yo si li menm y ap rele Mèt e Senyè dakò lave pye yo sa vle di anpil bagay. Konsa, sa ki esansyèl nan lave pye yon moun se desann pou montre imilite w. Yon legliz ka toujou chwazi fè manm li yo fè sa men si pa gen imilite ladan, li pa sèvi anyen.


Johnsley Jean

Etidyan nan STELA



Jounal Etidyan yo se yon ribrik nan STELA pou ankouraje etidyan yo pwodui nan lang kreyòl. 


jeudi 5 décembre 2024

Eske kretyen ka fete Nwèl?

 



 










S

e sèten pa gen moun ap etone si m di Nwèl se pi bèl fèt ki gen sou latè. Yo fete li prèske tout kote nan mond lan. Se yon gwo tradisyon, yon fèt ki pote aktivite ak lajwa… Nwèl, se yon moman retwouvay pou fanmi ak zanmi. Se yon moman ki pote nostalji, ki fè granmoun sonje lè yo te timoun. Depi epòk nwèl rive tout moun santi yon lòt anbyans: tanperati a chanje (sezon ivè) pandan tout moun sou aktivite. Chanson Nwèl nan tout radyo, nan televizyon, tout moun ap prepare pou pentire kay, dayè yon ane tou nèf pral antre. Gen moun ki chèche kote yo jwenn pye sapen natirèl oubyen atifisyèl ke yo dekore ak grelo, boul nwèl, figirin, etwal nwèl e latriye. Konsa, ti limyè pran fè yanyan nan abdenwèl, nan chak kay. Nan epòk sa gen anpil pwogram tankou bal, reveyon, maryaj, konkou chante nwèl… Magazen yo menm chaje ak jwèt pou timoun. Konsa, lè timoun yo reveye nan maten 25 desanm lan yo jwenn kado, tout kalite jwèt anba zòrye yo. Wi, se yon fèt ki pote lajwa, bèl aktivite, anfen fèt la bèl !

 Men kounyè a, pou jan nou wè fèt sa bèl, pou jan yo ba li valè tout kote, e menm katolik fè lamès, pwotestan yo fè divès aktivite pou fete nesans Jezi, nou oblije fè yon etid sou li pou konnen èske kretyen ka fete li vre. Konsa nan ti liv sa, nou konsakre 5 chapit pou rive sènen dosye Nwèl la epi ede nou pran pozisyon nou antanke kretyen parapò ak fèt sa :

·        Nan premye chapit la, nou va wè orijin Nwèl la, sa vle di ki kote ak ki fason li kòmanse.

 ·        Nan dezyèm chapit la nou va gade atravè Bib la, atravè listwa, jewografi ak lojik èske Jezi te fèt 25 desanm vrèman.

 ·        Nan twazyèm chapit la, nou va gade ansanm nati pèsonaj sa yo rele Papa Nowèl oubyen Tonton Nwèl la, epi ki misyon li genyen.

 ·        Nan katriyèm chapit la, nou va ede w detekte ki espri ki akonpanye Tonton Nwèl ak tout fèt Nwèl la.

 ·        Nan senkyèm chapit la, nou va ede kretyen yo detèmine ki konpòtman yo dwe genyen nan lannuit Nwèl la.

           Konsa, nou envite w vini ame ou ansanm ak nou ak Bib, ak listwa ak jewografi epi lojik pou nou manyen chak pwen sa yo.



Twazyèm konferans nan STELA: Sante Biko-Dantè

 


Samdi ki te 1 desanm 2024 la, STELA te reyalize twazyèm konferans li pou lane 2024 la. Fwa sa a, nou te gen chirijyen-dantis Nathalie Janac, responsab Clinique NJ Complexe Bucco-Dentaire nan Senmak,  ki te vin pale etidyan yo sou "Sante Biko-Dantè". Te gen anviwon 30 etidyan avèk 4 pwofesè ki te asiste. Aprè 45 minit ekspoze, Doktè Nathalie te reponn plizyè kesyon ki te satisfè etidyan yo. 

Seri konferans sa yo fèt pou prepare etidyan yo nan ministè yo, fanmi yo ak sosyete a. Dekana STELA remèsye tout patisipan yo, espesyalman Doktè Nathalie Janac, etidyan Jonas Charélus ak pwofesè Nadricks Morisset ki te rann konferans sa a posib. 





10 kesyon pou evalye yon liv ou fin li?


Di sijè yon otè trete enteresan, se youn. Planifye tan pou li devlòpman sijè a se de. Se aprè lekti a w ap ka vrèman evalye li. Se pou rezon sa a, avan menm ou deside li yon liv, ou dwe konnen objektif otè a fikse. Paske, se lè li atenn li, ou ka vrèman jije liv la. Yon vrè lektè pa kouri jije yon liv sou kouvèti li ak otè li ni kantite paj li. Premye bagay li fè se lekti entwodiksyon an pou l pran konesans de objektif otè a konte atenn. 

Nan "GUIDE METHODOLOGIQUE DE LA RECHERCHE", Gérald Guiteau pwopoze 9 kesyon pou evalye yon liv (paj 158-159). Nou tradui yo an kreyòl nan kad pwomosyon n ap fè pou lang kreyòl. Se pou rezon sa a ekriven Jérôme ki ajoute dizyèm nan.

1. Ki objektif bazik otè a ?

2. Eske fòmasyon ak bakgrawonn otè a sifi pou enfliyanse liv li a?

3. Pou ki odyans otè a ekri?

4. Anfavè kilès oswa kisa otè a ekri?

5. Kont kilès oswa kisa otè a ekri?

6. Eske otè a atenn objektif li nan liv la?

7. Kòman w jije liv la parapò ak lòt liv ki abòde menm sijè sa?

8. Ki opinyon ou sou liv sa a?

9. Kilès k ap tire pwofi de liv sa ? 

10. Ki avantaj ou jwenn nan li liv sa a ki ekri an kreyòl ? (Si liv la ekri an kreyòl)


Apati desanm 2024, chak etidyan nan STELA k ap li yon liv ap gen pou prezante evalyasyon li nan repons l ap bay pou 9 oswa 10 kesyon sa yo. 

Arcène est nommé LECTEUR DU MOIS DE NOVEMBRE 2024 au STELA avec un record de 225 pages lues. 


mardi 19 novembre 2024

Fanm yo VIKTIM edikasyon tradisyonèl nan fanmi yo

 

Esklavaj madanm nan fwaye, sitou nan ka Ayiti a, plis soti nan yon edikasyon ki tou pwograme yo pou vin sèvant. Se pa Levanjil ki fè sa. Si se te sa, tout fanm ki marye t ap konsa. Nou gen egzanp madanm ki lib e ki gen sèvant. Gen lòt ki gen vi pwofesyonèl lib, yo vwayaje, y ap travay san mari yo pa enpoze yo rete lakay ni menm fè plizyè pitit. Èske madanm sa yo pi fidèl ? Mesaj libète ki nan Galat 3.28 la pa pou tout madanm marye? Èske Efezyen 5.22 a se nan avantaj gason an li ye sèlman pou l vin chèf pandan madanm li pa jwenn bon tretman ?

 Refleksyon sa yo fè nou wè fanmi kote tifi yo leve ak sosyete a kontribye nan enjistis medam yo sibi anba men mari tonton makout. Sof nan ka yon anseyan ta mal entèprete wòl madanm nan, Levanjil Kris la pa mansyone pyès kote pou li obeyi tankou yon avèg, yon inyoran, yon moun san fòmasyon. Sitou alèkile fanm ale lekòl e pran menm fòmasyon ak gason nan inivèsite, yo gen konpetans e y ap dirije gwo enstitisyon. Sa ba yo kredi pou plase mo pa yo an tout imilite.

  Dabitid, se tifi ki leve pi bonè pou fè travay. Manman yo fòse yo fè sa pandan tigason an ap dòmi. Tifi ap travay, li ale nan mache, l ap lave pandan tigason ap jwe. Manman yo konn modi pitit fi yo ki pa vle fè travay nan kay. Yo konn di yo p ap ka pran swen gason nan kay. Bib la pa bay paran dwa sa selon Efezyen 6.4: « Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.» Èske prensip Senyè a òdone fanm yo aksepte enjistis paske yo marye?

 Poutan, yon gason ki pa konn fè manje ap jwenn yon bon kizinyè kanmenm. Akoz manman an te viktim lakay manman l, li kontinye transmèt edikasyon li te resevwa san rann li kont de konsekans yo nan fwaye pitit li ak pitit pitit li. Nou pa dekouraje madanm aprann fè travay nan kay puiske Bib la pale sou sa (Tit 2.3-5) men okipasyon sa yo pa rezime wòl li paske li ka ede mari li(Jenez 2.18; Pwovèb 31.10). Sinon, yon medsen t ap bezwen oblitwaman de fanm: youn li marye pou okipe kay li ak yon lòt pou travay avèk li. Ò, nou gen egzanp mari ak madanm ki se pedyat, avoka, nòmalyen ak enfòmatisyen k ap travay ansanm. Èske madanm sa a pa kretyen? Ki lwa li vyole? Kilès ki ba li konesans?

 Mwen leve jwenn 5 frè mwen, yo tout te konn fè manje tout fanm ka fè. Manman m pa t gen pitit fi nan epòk la. Ebyen, mesye yo te aprann fè manje. Kidonk, gason ka fè manje. Se pa travay fanm. Sa w leve jwenn, se sa w aprann e li fasone tout lavi ou. Nan tan lontan, tigason te tou ebenis si yo leve jwenn papa yo ebenis. Tifi a te tou komèsan si l leve jwenn manman l ap fè komès. Jodi a, yon manman ki se biznismann ap kite biznis li pou pitit li, kit li fi oswa gason. Ozetazini, tifi pa leve menm jan an Ayiti, se sa ki fè yo pa trete yo tankou yo enferyè nonplis.

 Nan fwaye nou, mwen menm ak madanm mwen aprann de pitit gason nou yo bale, pase mòp, lave veso, netwaye ak ranje chanm yo. Antanke enfòmatisyen ak enprimè, mwen aprann yo tape, enprime ak fè kopi. Konsa, plizyè fwa, yo ede m. Tigason kou tifi dwe aprann akeyi ak  sèvi moun. Yon etranje parèt, tigason an ka sèvi l dlo. Yo netwaye soulye yo pou lekòl, ramase rad ki sèch, netwaye lakou, elatriye. Paran ki gen tifi ak tigason ka varye e ekilibre tach yo. Tigason ka lave menm jan tifi a ka repoze. Tifi a ka ap jwe avèk zanmi li pandan tigason an ap travay. Sepandan, akoz danje ki plis menase tifi yo, tankou vyòl ak asèlman seksyèl, paran yo ap toujou voye je sou yo.  



Jérôme D. Emerson

KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE

vendredi 8 novembre 2024

Kwonik 3: Kesyònman nan etid teyolojik



Yon lekòl oswa seminè teyolojik pa yon seri konferans pwofesè bay pou oditè tande epi poze kesyon. Li enpòtan pou yon etidyan konprann sans mo “etidyan” an epi veye pou tout sa l ap fè nan kad etid li koresponn avèk egzijans li. Tankou, yon etidyan nan teyoloji pa dwe reyaji menm jan avèk yon senp oditè nan yon konferans oswa yon patisipan nan yon etid biblik. Li pa vin tande sa yon pwofesè ap eksplike pou l poze kesyon men pou li ka jwenn repons sou kesyon li yo. Konsa, l ap ka pwodui pi bon refleksyon, konprann doktrin lafwa kretyen an pou li ka pratike yo nan lavi chak jou li. Li pa ka pran plezi poze kesyon sèlman ki ka rezilta parès entèlektyèl jan pwofesè Fanfan Estimé renmen fè remake sa. 

Antanke etidyan,  yon kretyen dwe fè efò pou monte nivo li te genyen nan etid primè ak segondè. Nan nivo sila yo, se pwofesè a ki te konn plis travay pandan elèv yo t ap etidye (bat pakè) pou reyisi egzamen final oswa chape anba pinisyon. Nan nivo teyoloji, etidyan an ap bouske konesans pou li ka sèvi Bondye pi byen nan tach li nan legliz lokal la. Egzanp, yon pastè k ap etidye teyoloji ap plis poze kesyon sou kòman li ka dirije pi byen, pran swen fidèl ak pi byen andoktriine yo. Kesyon polemik sou lòt pastè pa ta dwe konte. Konprann sa fidèl yo ap tann de li pi enpòtan.

Yon elèv lekòl pa t oblije gen plizyè liv nan yon matyè pou fè lekti ak remèt rapò oswa fè rezime, sitou nan nivo primè. Li te dwe genyen liv direksyon an egzije nan lis liv yo. Anplis, se te plis travay paran li alòske nan teyoloji, se responsablite etidyan an. Elèv la dwe etidye pou li pase egzamen yo selon sa li te aprann nan klas. Se mwayèn ki detèmine kapasite li, kontrèman, nan teyoloji se nivo refleksyon li. Yon etidyan ki fò pa gen anpil rapò avèk yon mwayèn. Ki rezilta final yon konesans ki rete nan tèt ou, nan achiv lekòl la pandanke reyalite legliz la pa janm chanje? Ki solisyon gwo mwayenn pote pou pwoblèm reyèl yo? Eske yon etidyan nan teyoloji fò paske li toujou fè anpil pwen nan egzamen, li loreya oswa li rive gradye epi pran yon diplòm? Yon kote, nòt yo demontre etidyan an te suiv kou, li konprann e li satisfè egzijans akademik yo. Yon lòt kote, kapasite sa a dwe itil asanble li ak tout moun l ap enfliyanse nan ministè li. 

Plis enpòtan pase kesyon


Lè pwofesè a ap dispanse yon kou, li bon pou etidyan an pote atansyon pou tande, konprann epi note sa ki parèt nouvo, enkonpreyansib, fè l doute, rasire li oswa rann li flou. Entèwonp pwofesè a ka fè li rate fil lide li, redui sou tan nesesè pou atenn objektif li yo selon silabis kou a. Trè souvan, nan poze kesyon, kou a plis konn transfòme nan yon veritab deba san oryantasyon olye nan kesyònman koyeran e apwofondi. Nan ka sa a, li pi bon lè se pwofesè a ki pou oryante deba a. Li ka kontwole li epi evalye nivo metriz ak enterè etidyan yo ladan.

Yon etidyan entèlijan pa pran plezi nan poze kesyon sou tout sa li fèk aprann ni sou sijè l ap tande tout tan. Men sa li ta dwe fè pito :

1)      Pote atansyon sou sa l ap tande pou l ka konprann. Si li konprann, sa sifi.

2)     Note tout mo, ekspresyon, vèsè, sitasyon ak demach ki enpòtan.

3)      Aprè kou a, li chache plis pou li ka verifye, akspete, rejte oswa remete ankesyon…

Lè finalman etidyan an poze kesyon, li atire atansyon pwofesè a sou konpetans li ak vizyon li nan kou a. Pwofesè a kapab jije kesyon li an selon silabis kou a, sa li te di ak rechèch li dwe fè (entènèt, liv, elatriye). Pou yon rezon oswa yon lòt, pwofesè a ka site yon sit, yon liv, yon chèn anliy, yon etid nan nivo oswa sesyon avanse.

Kesyon etidyan an pa dwe montre li tankou yon senp oditè k ap repete sa li tande pou konnen opinyon pwofesè a san li pa bezwen. Egzanp, pou gen plis agiman pou konvenk yon kwayan sou fason Repa Senyè  a dwe fèt, etidyan an ka poze yon kesyon konsa: “Ant koup ak tivè, ki pi bon fason pou bay Repa a?”. Repons pwofesè a te ka konsa: “Tou de bon, sa ki pi enpòtan, se egzamine tèt ou avan”. Repons sa a dwe sèvi etidyan an si l twouve li bon. Twòp kesyon pa ta dwe poze pou konpare, kritike ak kondane. Anpil fwa, etidyan an ta dwe mennen ankèt li pou konnen plis, se pou sa gen estaj ak memwa. Kesyònman nan kou se pou apwofondi konesans. Se poutèt sa, mizapa konpetans pwofesè a, etidyan an dwe suiv eksplikasyon, itilize dokiman kou yo, li plis chak jou (liv, jounal, entènèt), tande lòt pwofesè oswa konferansye. 

Jérome Dorsonne Emerson

Pwofesè | Ekriven | Editè | Enprimè | Fasilitatè nan lidèchip kretyen

Masteran nan teyoloji sosyal ak devlòpman entegre

Kontak dirèk: (509) 3934-1225

Adrès elektwonik: edisyonpetra@gmail.com 

Lis kèk atik: https://drive.google.com/drive/u/0/folders/1mrmZYS6JrEE7z-Lhx1oKv-knt03x22d6

 

22/04/24 | Modifye 1 me 2024

Kwonik 2: Twa moman enpòtan nan yon kou (APA-K)

 


Yon kou se yon seri leson yon pwofesè ap transmèt ou nan yon pwogram etid. Transmisyon sa  a fèt pandan yon tan byen detèmine. Pi souvan, etidyan yo kontante yo chita devan pwofesè a pou koute. Yo poze kesyon pou konprann ak konpoze pou w reyisi. Angwo, nou sanse wè de pi bon moman nan yon kou se ekspoze kou a ak konpozisyon. Malerezman, tandans sa a fè se nan moman egzamen yo plis etidyan yo mete tan pou bat bèt pandanke yo te ka fè sa pandan tout dire kou a. 

Se vre, nan yon bò, se kesyon metòd men nan yon lòt, menmsi metòd la ta difisil, gen twa moman pou yon etidyan valorize epi konble nan yon kou l ap suiv.

    1.      Avan kou a

Gade silabis la oswa liv pwofesè a ap itilize a. Gade gwo tit yo, fè yon kout lekti epi, si posib, souliye yon pwen enpòtan pou kesyone nan kou a.

    2.      Pandan kou a

Etidyan an dwe prezan alè pou kou a kòmanse devan li. Pandan ekspoze a, kaye ak plim dwe la pou pran nòt. Si pa gen nòt ki pran nan yon kou, se swa pwofesè a ap li sa ki ekri nan yon dokiman, li pa ale pi lwen. Oswa, leson l ap anseye yo pa entèrese etidyan yo. Pran nòt pa vle di note tout sa pwofesè a di men se note sa w konprann avèk mo pa w (parafraz).

    3.      Aprè kou a

Pi souvan, depi kou a fini, etidyan an santi li dezangaje. Nan ka pa ta gen devwa, l ap relouvri kaye a oswa liv la nan pwochen kou a. Se pa bon ditou. Aprè ou fin suiv kou e avan yon lòt, ou dwe repase nòt ou te pran. Se nan peryòd sa a w ap ka etidye pi byen. Sinon, nan poze kesyon nan kou a, gen anpil nosyon pwofesè a p ap gentan bay.

__________________________

Jérôme D. Emerson

Ekriven-Pwofesè 

Achte liv pwofesè Emerson yo lè w peze la LIV NAN PETRA



Kwonik 1: Kòman w ka fè konnen w pa gen tan?

 


"Pa gen tan" se youn nan pi gwo andikap etid, sitou an Ayiti. Poutan, yon moun ki pa gen tan pa ka etidye. Alò, kòman, ou menm k ap etidye teyoloji, ka konnen ou pa genyen? Li fasil pou w konnen. Men kèk siy ak atitid ki ka ede w.

    1.      Ou pa gen tan pou revize nòt ou te pran nan klas la.

    2.      Ou toujou prese nan fè devwa ou paske w pa janm prè.

    3.      Ou toujou okipe nan lòt aktivite menmlè travay lekòl la nan panse w.

    4.      Ou toujou ap mete sa pou w fè pou yon lòt lè oswa yon lòt jou.

    5.      Devwa ou pa janm fin byen prepare.

    6.      Ou souvan bliye yon ti detay.

Si ou travay sou chak siy ak atitid sa yo ou ka jere tan w pou fè devwa, revize nòt ak prepare pou kou k ap vini an.


___________________________

Jérôme D. Emerson

Ekriven-Pwofesè 

Achte liv pwofesè Emerson yo lè w peze la LIV NAN PETRA



Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...