Esklavaj
madanm nan fwaye, sitou nan ka Ayiti a, plis soti nan yon edikasyon ki tou pwograme
yo pou vin sèvant. Se pa Levanjil ki fè sa. Si se te sa, tout fanm ki marye t
ap konsa. Nou gen
egzanp madanm ki lib e ki gen sèvant. Gen lòt ki gen vi pwofesyonèl lib, yo
vwayaje, y ap travay san mari yo pa enpoze yo rete lakay ni menm fè plizyè
pitit. Èske madanm sa yo pi fidèl ? Mesaj libète ki nan Galat
3.28 la pa pou tout madanm marye? Èske Efezyen 5.22 a se nan avantaj gason an
li ye sèlman pou l vin chèf pandan madanm li pa jwenn bon tretman ?
Refleksyon sa yo fè nou wè fanmi kote tifi yo leve ak sosyete a kontribye nan enjistis medam yo sibi anba men mari tonton makout. Sof nan ka yon anseyan ta mal entèprete wòl madanm nan, Levanjil Kris la pa mansyone pyès kote pou li obeyi tankou yon avèg, yon inyoran, yon moun san fòmasyon. Sitou alèkile fanm ale lekòl e pran menm fòmasyon ak gason nan inivèsite, yo gen konpetans e y ap dirije gwo enstitisyon. Sa ba yo kredi pou plase mo pa yo an tout imilite.
Dabitid, se tifi ki leve pi bonè pou fè travay. Manman yo fòse yo fè sa pandan tigason an ap dòmi. Tifi ap travay, li ale nan mache, l ap lave pandan tigason ap jwe. Manman yo konn modi pitit fi yo ki pa vle fè travay nan kay. Yo konn di yo p ap ka pran swen gason nan kay. Bib la pa bay paran dwa sa selon Efezyen 6.4: « Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.» Èske prensip Senyè a òdone fanm yo aksepte enjistis paske yo marye?
Poutan, yon gason ki pa konn fè manje ap jwenn yon bon kizinyè kanmenm. Akoz manman an te viktim lakay manman l, li kontinye transmèt edikasyon li te resevwa san rann li kont de konsekans yo nan fwaye pitit li ak pitit pitit li. Nou pa dekouraje madanm aprann fè travay nan kay puiske Bib la pale sou sa (Tit 2.3-5) men okipasyon sa yo pa rezime wòl li paske li ka ede mari li(Jenez 2.18; Pwovèb 31.10). Sinon, yon medsen t ap bezwen oblitwaman de fanm: youn li marye pou okipe kay li ak yon lòt pou travay avèk li. Ò, nou gen egzanp mari ak madanm ki se pedyat, avoka, nòmalyen ak enfòmatisyen k ap travay ansanm. Èske madanm sa a pa kretyen? Ki lwa li vyole? Kilès ki ba li konesans?
Mwen leve jwenn 5 frè mwen, yo tout te konn fè manje tout fanm ka fè. Manman m pa t gen pitit fi nan epòk la. Ebyen, mesye yo te aprann fè manje. Kidonk, gason ka fè manje. Se pa travay fanm. Sa w leve jwenn, se sa w aprann e li fasone tout lavi ou. Nan tan lontan, tigason te tou ebenis si yo leve jwenn papa yo ebenis. Tifi a te tou komèsan si l leve jwenn manman l ap fè komès. Jodi a, yon manman ki se biznismann ap kite biznis li pou pitit li, kit li fi oswa gason. Ozetazini, tifi pa leve menm jan an Ayiti, se sa ki fè yo pa trete yo tankou yo enferyè nonplis.
Nan fwaye nou, mwen menm ak madanm mwen aprann de pitit gason nou yo bale, pase mòp, lave veso, netwaye ak ranje chanm yo. Antanke enfòmatisyen ak enprimè, mwen aprann yo tape, enprime ak fè kopi. Konsa, plizyè fwa, yo ede m. Tigason kou tifi dwe aprann akeyi ak sèvi moun. Yon etranje parèt, tigason an ka sèvi l dlo. Yo netwaye soulye yo pou lekòl, ramase rad ki sèch, netwaye lakou, elatriye. Paran ki gen tifi ak tigason ka varye e ekilibre tach yo. Tigason ka lave menm jan tifi a ka repoze. Tifi a ka ap jwe avèk zanmi li pandan tigason an ap travay. Sepandan, akoz danje ki plis menase tifi yo, tankou vyòl ak asèlman seksyèl, paran yo ap toujou voye je sou yo.
Jérôme D. Emerson
KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire