Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA nan ane 2024 la. Frè Carlos te fè rapò sou liv "Eske kretyen ka fete Nwèl" pastè Roldy Télasco ekri (44 paj).
1. Ki objektif bazik otè a?
Repons:
fè yon etid sou fèt nwèl la pou konnen si kretyen ka fete li.
2. Eske fòmasyon ak bakgrawonn otè a sifi pou enfliyanse liv
li a?
Repons:
avèk yon doktora (Ph.D.), Pastè Roldy Télasco gen ase konpetans nesesè pou ekri
yon ouvraj parèy.
3. Pou ki odyns otè a ekri.
Pou tout patizan Kris yo (kretyen) ak pou
tout moun sijè sa ta entèrese.
4. An favè kilès oswa kisa otè a ekri?
Otè a ekri an favè kretyen
yo pou ede yo reflechi, pou egize konviksyon yo sou sa y ap pratike, pou ede yo
atrape sa ki esansyèl, ki glorifye non Bondye.
5. Kont kilès oswa kisa otè a ekri?
Kont espri mansonj,
banbòch, ipokrizi ak idolatri ki kache dèyè fèt sa.
6. Eske otè a atenn objektif li?
Objektif lan atenn paske
tout chapit yo pale sou yon aspè esansyèl nan sijè a jiskaske l rive kote li te
vle rive a.
7. Kòman w jije liv la parapò ak lòt liv ki
abòde menm sijè a?
Mwen pako li lòt liv sou
sijè a menm pito se kèk atik oubyen tèks sou entènèt la ki pale sou menm sijè
sa mwen li. Men mwen ka di otè a fè yon travay ki estriktire, dokimante epi ki
nouvo.
8. Ki opinyon w sou liv la ?
Refleksyon sou sijè aktyèl sa yo souvan montrè yo enpòtan epi itil menm si
kapab gen anpil kontwovès oubyen ide ki divèjan. Men an gwo se yon bon travay.
9. Kilès k ap tire pwofi de liv sa?
Kretyen yo ak tout lòt moun sijè sa ta
entèrese.
10 Ki avantaj ou jwenn nan liv sa a nan lang kreyòl ?
Liv la pi fasil pou li
epi pou konprann.
Ou ta renmen vin etidye teyoloji nan STELA? Ekri nou: 3878-1779 / 3934-1225.