mardi 24 décembre 2024

Pri Etiyan Egzanplè Ane 2024 la nan STELA


Se Marcson Théagène, etidyan nan nivo preparatwa, ki pran pri "PRI ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE". Seremoni sa te òganize Senmak nan okazyon premye Fèt Kloti Ane Akademik  nan STELA nan dat 15 desanm 2024.

Toujou prezan, frè Marcson se youn pami etidyan nenpòt nouvo etidyan ka pran pou modèl nan divès domèn. 



Pri "ETIDYAN EGZANPLE ANE A/PRIX DE L'ETUDIANT EXEMPLAIRE DE L'ANNEE" se twazyèm inisyativ, aprè "LE LECTEUR DU MOIS" ak "JOUNAL ETIDYAN YO/JOURNAL DES ETUDIANTS". Objektif jeneral yo se ankouraje etidyan yo nan etid yo nan fason y ap pwodui, kiltive ak mennen tèt yo nan STELA pou yo ka vin teyolojyen valab nan ministè yo.

Dekana deja swete tout etidyan li yo prepare yo pou pran pri sa a nan ane 2025 la. 

Nou envite w gade yon ti bout nan deklarasyon etidyan Marcson Théagène👇


Ou ka li yon atik Marcson nan lyen sa a Legliz ta dwe envesti nan ansèyman



lundi 16 décembre 2024

Jounal Etidyan yo (#2) : Legliz ta dwe envesti nan ansèyman

 

Nan legliz alèkile, nou jwenn plis moun k ap preche pase moun k ap anseye. Se yon pwoblèm majè e se youn nan rezon ki koz anpil fo doktrin ap pwopaje pami kretyen yo. An nou wè kòman predikasyon ak ansèyman te ye nan Legliz primitiv la.

Nan epòk sa a, kretyen yo te chita nan ansèyman selon Travay2.42. Se youn nan rezon ki fè legliz la te enpakte kominote yo. Yo te konnen e yo te prè pou aplike prensip evanjelik yo jan Pòl fè nou wè sa nan 2 Timote 3.16 ak 17. Fokis sou disetyèm vèsè a : « Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen». Se ansèyman k ap fè w konnen kòman pou sèvi Bondye.


Predikasyon deklare verite a men ansèyman eksplike l. Predikasyon plis pou enkredil e se okazyonèlman legliz ta dwe tande l men pou ansèyman se an pèmanans li dwe fèt paske se li ki bay leson pou legliz la mete an aplikasyon. Depi yon moun fin disip, nou pa dwe kontinye preche li men se anseye li pou li ka konnen kòman pou l suiv Jezikris.

Li enpòtan pou legliz envesti nan anseyan yo. Tankou, li ka finanse etid yo nan lekòl biblik, dispoze mwayen pou yo achte dokiman epi ba yo plis opòtinite nan asanble yo pou fè enstriksyon fidèl yo.

Marcson Théagène 

Etidyan nan Teyoloji nan STELA

Nivo Preparatwa

Ou ka li premye atik la Johnsley Jean ekri nan lyen sa a Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan?   👇👇



mardi 10 décembre 2024

Jounal Etidyan yo (#1): Èske li obligatwa pou lave pye nan moman Sentsèn nan?


Sentsèn nan se yon òdonans Jezi te bay disip li yo avan li te mouri (Matye 26.26-28, 1 Korent 11.23-26). Li te vle anseye yo anpil bagay, pami yo, pen ak diven an ki reprezante kò li avèk san li. 

Avan menm yo te manje ak bwè, Jezi te fè yon jès senbolik kote li te lave pye disip yo (Jan 13.1-15). Aksyon sa rete yon tradisyon  nan anpil legliz nan moman Sentsèn nan: manm legliz yo toujou lave pye youn lòt. Eske li obligatwa chak fwa l ap fèt?

An reyalite, prensip lave pye a te egziste depi byen lontan, kote depi yon moun enpòtan vini lakay ou esklav yo te toujou lave pye yo. Se te pou montre ospitalite ak respè sitou pou moun ki t ap fè yon long distans apye. Nou jwenn yon egzanp nan Jenèz 18.3-5 kote Abram te lave pye vizitè li yo. 

Ebyen, Jezi te fè menm aksyon sa pou l te kapab anseye yon kalite ki vrèman enpòtan kay disip yo ki se imilite. Li te di yo si li menm y ap rele Mèt e Senyè dakò lave pye yo sa vle di anpil bagay. Konsa, sa ki esansyèl nan lave pye yon moun se desann pou montre imilite w. Yon legliz ka toujou chwazi fè manm li yo fè sa men si pa gen imilite ladan, li pa sèvi anyen.


Johnsley Jean

Etidyan nan STELA



Jounal Etidyan yo se yon ribrik nan STELA pou ankouraje etidyan yo pwodui nan lang kreyòl. 


jeudi 5 décembre 2024

Eske kretyen ka fete Nwèl?

 



 










S

e sèten pa gen moun ap etone si m di Nwèl se pi bèl fèt ki gen sou latè. Yo fete li prèske tout kote nan mond lan. Se yon gwo tradisyon, yon fèt ki pote aktivite ak lajwa… Nwèl, se yon moman retwouvay pou fanmi ak zanmi. Se yon moman ki pote nostalji, ki fè granmoun sonje lè yo te timoun. Depi epòk nwèl rive tout moun santi yon lòt anbyans: tanperati a chanje (sezon ivè) pandan tout moun sou aktivite. Chanson Nwèl nan tout radyo, nan televizyon, tout moun ap prepare pou pentire kay, dayè yon ane tou nèf pral antre. Gen moun ki chèche kote yo jwenn pye sapen natirèl oubyen atifisyèl ke yo dekore ak grelo, boul nwèl, figirin, etwal nwèl e latriye. Konsa, ti limyè pran fè yanyan nan abdenwèl, nan chak kay. Nan epòk sa gen anpil pwogram tankou bal, reveyon, maryaj, konkou chante nwèl… Magazen yo menm chaje ak jwèt pou timoun. Konsa, lè timoun yo reveye nan maten 25 desanm lan yo jwenn kado, tout kalite jwèt anba zòrye yo. Wi, se yon fèt ki pote lajwa, bèl aktivite, anfen fèt la bèl !

 Men kounyè a, pou jan nou wè fèt sa bèl, pou jan yo ba li valè tout kote, e menm katolik fè lamès, pwotestan yo fè divès aktivite pou fete nesans Jezi, nou oblije fè yon etid sou li pou konnen èske kretyen ka fete li vre. Konsa nan ti liv sa, nou konsakre 5 chapit pou rive sènen dosye Nwèl la epi ede nou pran pozisyon nou antanke kretyen parapò ak fèt sa :

·        Nan premye chapit la, nou va wè orijin Nwèl la, sa vle di ki kote ak ki fason li kòmanse.

 ·        Nan dezyèm chapit la nou va gade atravè Bib la, atravè listwa, jewografi ak lojik èske Jezi te fèt 25 desanm vrèman.

 ·        Nan twazyèm chapit la, nou va gade ansanm nati pèsonaj sa yo rele Papa Nowèl oubyen Tonton Nwèl la, epi ki misyon li genyen.

 ·        Nan katriyèm chapit la, nou va ede w detekte ki espri ki akonpanye Tonton Nwèl ak tout fèt Nwèl la.

 ·        Nan senkyèm chapit la, nou va ede kretyen yo detèmine ki konpòtman yo dwe genyen nan lannuit Nwèl la.

           Konsa, nou envite w vini ame ou ansanm ak nou ak Bib, ak listwa ak jewografi epi lojik pou nou manyen chak pwen sa yo.



Twazyèm konferans nan STELA: Sante Biko-Dantè

 


Samdi ki te 1 desanm 2024 la, STELA te reyalize twazyèm konferans li pou lane 2024 la. Fwa sa a, nou te gen chirijyen-dantis Nathalie Janac, responsab Clinique NJ Complexe Bucco-Dentaire nan Senmak,  ki te vin pale etidyan yo sou "Sante Biko-Dantè". Te gen anviwon 30 etidyan avèk 4 pwofesè ki te asiste. Aprè 45 minit ekspoze, Doktè Nathalie te reponn plizyè kesyon ki te satisfè etidyan yo. 

Seri konferans sa yo fèt pou prepare etidyan yo nan ministè yo, fanmi yo ak sosyete a. Dekana STELA remèsye tout patisipan yo, espesyalman Doktè Nathalie Janac, etidyan Jonas Charélus ak pwofesè Nadricks Morisset ki te rann konferans sa a posib. 





10 kesyon pou evalye yon liv ou fin li?


Di sijè yon otè trete enteresan, se youn. Planifye tan pou li devlòpman sijè a se de. Se aprè lekti a w ap ka vrèman evalye li. Se pou rezon sa a, avan menm ou deside li yon liv, ou dwe konnen objektif otè a fikse. Paske, se lè li atenn li, ou ka vrèman jije liv la. Yon vrè lektè pa kouri jije yon liv sou kouvèti li ak otè li ni kantite paj li. Premye bagay li fè se lekti entwodiksyon an pou l pran konesans de objektif otè a konte atenn. 

Nan "GUIDE METHODOLOGIQUE DE LA RECHERCHE", Gérald Guiteau pwopoze 9 kesyon pou evalye yon liv (paj 158-159). Nou tradui yo an kreyòl nan kad pwomosyon n ap fè pou lang kreyòl. Se pou rezon sa a ekriven Jérôme ki ajoute dizyèm nan.

1. Ki objektif bazik otè a ?

2. Eske fòmasyon ak bakgrawonn otè a sifi pou enfliyanse liv li a?

3. Pou ki odyans otè a ekri?

4. Anfavè kilès oswa kisa otè a ekri?

5. Kont kilès oswa kisa otè a ekri?

6. Eske otè a atenn objektif li nan liv la?

7. Kòman w jije liv la parapò ak lòt liv ki abòde menm sijè sa?

8. Ki opinyon ou sou liv sa a?

9. Kilès k ap tire pwofi de liv sa ? 

10. Ki avantaj ou jwenn nan li liv sa a ki ekri an kreyòl ? (Si liv la ekri an kreyòl)


Apati desanm 2024, chak etidyan nan STELA k ap li yon liv ap gen pou prezante evalyasyon li nan repons l ap bay pou 9 oswa 10 kesyon sa yo. 

Arcène est nommé LECTEUR DU MOIS DE NOVEMBRE 2024 au STELA avec un record de 225 pages lues. 


Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...