mercredi 22 mai 2024

Yon gradyasyon tounèf, yon pwomosyon tounèf!

 Pa gen sipriz! STELA ki te fonde nan dat 27 janvye 2018 te reyalize premye gradyasyon li nan dat 23 jiyè 2022 kote li te mete de premye pwomosyon li deyò: LES APOLOGISTES (2018-2021/2019/2022). Se te 19 sèvitè ak sèvant Bondye ki te patisipe nan bèl seremoni sa ki te fèt nan Eglise Baptiste Eben-Ezer nan vil Senmak (Gradyasyon STELA). 

Pou yon dezyèm fwa, Dekana STELA envite ou suiv gradysyon de lòt pwomosyon k ap reyalize vandredi 26 jiyè 2024 si Bondye vle nan Eglise Batiste White Rock apati 9vè nan maten. 



Ou ka enskri jodi a menm epi kòmanse prepare ou pou entegre klas diplòm oswa sètifika a 6 jiyè 2024. Ou pa bezwen tann yon lòt ane. Si ou entèrese, peze lyen sa a pou jwenn egzijans yo: Egzijans pou sesyon Jiyè-Septanm 2024


samedi 11 mai 2024

Enpòtans sikoloji nan teyoloji kretyen an| Konferans

Samdi ki te 11 me 2024 la, jan sa te anonse, pwofesè Dukens PIERRE LOUIS, yon sikològ nan vil Senmak, te bay yon bèl konferans sou enpòtans sikoloji nan teyoloji kretyen an. Se te yon bon moman kote etidyan yo t ap aprann nosyon nan sikopedagoji, reyalite legliz la nan koze ansèyman. 

Nou envite w gade plis imaj nan lyen sa a⤵️Foto konferans sou sikoloji nan STELA

mercredi 1 mai 2024

Kesyònman nan etid teyolojik

 

Yon lekòl oswa seminè teyolojik pa yon seri konferans pwofesè bay pou oditè tande epi poze kesyon. Li enpòtan pou yon etidyan konprann sans “etidyan epi veye pou tout sa l ap fè nan kad etid li koresponn avèk egzijans li. Tankou, yon etidyan nan teyoloji pa dwe reyaji menm jan avèk yon senp oditè nan yon konferans oswa yon etid biblik. Li pa vin tande sa yon pwofesè ap eksplike pou l poze kesyon men pou li ka jwenn repons sou kesyon li yo. Konsa, l ap ka pwodui pi bon refleksyon, konprann doktrin lafwa kretyen an pou li ka pratike yo nan lavi chak jou li. Li pa ka pran plezi poze kesyon sèlman ki ka rezilta parès entèlektyèl jan pwofesè Fanfan Estimé renmen fè remake sa.


Lyen pou li rès tèks la sou Google Docs. Peze sou tit la anba. 

Kesyòman nan etid teyolojik

Aktivite ki gen nan legliz

 


Youn nan siy ki montre yon legliz lokal anvi se aktivite ki gen ladan.

Konsa tou, yon kretyen vivan lè l ap patisipe nan aktivite legliz kote li se manm.

Byenke, se pa sèlman aktivite legliz la ki detèmine lavi yon kretyen,

yo gen plas yo.

Tankou nou ka li sa nan Travay 2.42: Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t ap moutre yo,

yo t ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt,

yo reyini pou separe pen an bay tout moun,

epi yo t ap lapriyè”. “Tan” se lè premye disip yo te mete pou suiv kat aktivite nan legliz la:

ansèman, kominyon fratènèl, pran Repa Senyè a ak lapriyè.  

Lyen pou li rès tèks la sou Google Docs. Peze sou tit la anba.

Aktivite ki gen nan legliz



Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...