mercredi 22 mai 2024

Yon gradyasyon tounèf, yon pwomosyon tounèf!

 Pa gen sipriz! STELA ki te fonde nan dat 27 janvye 2018 te reyalize premye gradyasyon li nan dat 23 jiyè 2022 kote li te mete de premye pwomosyon li deyò: LES APOLOGISTES (2018-2021/2019/2022). Se te 19 sèvitè ak sèvant Bondye ki te patisipe nan bèl seremoni sa ki te fèt nan Eglise Baptiste Eben-Ezer nan vil Senmak (Gradyasyon STELA). 

Pou yon dezyèm fwa, Dekana STELA envite ou suiv gradysyon de lòt pwomosyon k ap reyalize vandredi 26 jiyè 2024 si Bondye vle nan Eglise Batiste White Rock apati 9vè nan maten. 



Ou ka enskri jodi a menm epi kòmanse prepare ou pou entegre klas diplòm oswa sètifika a 6 jiyè 2024. Ou pa bezwen tann yon lòt ane. Si ou entèrese, peze lyen sa a pou jwenn egzijans yo: Egzijans pou sesyon Jiyè-Septanm 2024


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...