mercredi 1 janvier 2025

Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024


Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Frè Carlos te fè rapò sou liv "Eske kretyen ka fete Nwèl"  pastè Roldy Télasco ekri (44 paj).

 Nou envite ou li repons li yo sou 10 kesyon pou evalye yon ouvraj nan STELA.

    1. Ki objektif bazik otè a?

Repons: fè yon etid sou fèt nwèl la pou konnen si kretyen ka fete li.

     2. Eske fòmasyon ak bakgrawonn otè a sifi pou enfliyanse liv li a?

Repons: avèk yon doktora (Ph.D.), Pastè Roldy Télasco gen ase konpetans nesesè pou ekri yon ouvraj parèy.

    3. Pou ki odyns otè a ekri.

Pou tout patizan Kris yo (kretyen) ak pou tout moun sijè sa ta entèrese.

    4. An favè kilès oswa kisa otè a ekri?

Otè a ekri an favè kretyen yo pou ede yo reflechi, pou egize konviksyon yo sou sa y ap pratike, pou ede yo atrape sa ki esansyèl, ki glorifye non Bondye.

    5.  Kont kilès oswa kisa otè a ekri?

Kont espri mansonj, banbòch, ipokrizi ak idolatri ki kache dèyè fèt sa.

    6.  Eske otè a atenn objektif li?

Objektif lan atenn paske tout chapit yo pale sou yon aspè esansyèl nan sijè a jiskaske l rive kote li te vle rive a.

    7.  Kòman w jije liv la parapò ak lòt liv ki abòde menm sijè a?

Mwen pako li lòt liv sou sijè a menm pito se kèk atik oubyen tèks sou entènèt la ki pale sou menm sijè sa mwen li. Men mwen ka di otè a fè yon travay ki estriktire, dokimante epi ki nouvo.

    8. Ki opinyon w sou liv la ?

Refleksyon sou sijè aktyèl sa yo souvan montrè yo enpòtan epi itil menm si kapab gen anpil kontwovès oubyen ide ki divèjan. Men an gwo se yon bon travay.

    9. Kilès k ap tire pwofi de liv sa?

Kretyen yo ak tout lòt moun sijè sa ta entèrese.

    10  Ki avantaj ou jwenn nan liv sa a nan lang kreyòl ?

Liv la pi fasil pou li epi pou konprann.

Ou ta renmen vin etidye teyoloji nan STELA? Ekri nou: 3878-1779 / 3934-1225.




Carlos Jeannestin, lektè mwa Desanm 2024

Se Carlos Jeannestin, etidyan nan nivo Diplòm ki se twazyèm etidyan ki pran pri LEKTE MWA A/LECTEUR DU MOIS a nan STELA  nan ane 2024 la. Fr...