mardi 12 mars 2024

Des titres à la biblio du STELA|CSP

 


Le Décanat du STELA avise à tous ses anciens, nouveaux et futurs étudiants qu'une liste non exhaustive de livres traitant de sujets divers est disponible en consultation sur place. 

Vous pouvez consulter la liste ici:LIVRES EN CONSULTATION SUR PLACE AU STELA D'autres titres seront ajoutés incessament.

Vous pouvez lire ou télécharger ces livres gratuiteement depuis la Bibliothèque numérique de Petra.

1. ARTICLE ET LIENS DES LIVRES DE JDE

2. Librairie Petra en ligne

samedi 9 mars 2024

Kisa teyoloji kretyen an ye?

 QUESTIOÉPON





Mo "teyoloji" a soti nan mo grèk "Bondye" ak "pawòl", li vle di "etid Bondye". Teyoloji kretyen se etid sou sa Bib la anseye sou lafwa kretyen an. (Li diferan de teyoloji senp ki etidye plizyè dye oswa divinite nan plizyè relijyon. Konsa, lè yon moun di w li etidye teyoloji, ou ta dwe mande l ki teyoloji paske yo plizyè men sa kretyen yo etidye a se teyoloji kretyen (Théologie chrétienne). 


Anpil kretyen wè teyoloji kretyen kòm yon sous divizyon, pou sa yo vle evite l. Poutan, an reyalite, li ta dwe ini nou! Pawòl Bondye a anseye verite ki fòme fondasyon inite nou an. Sètènman, tewoloji kretyen enplike dezakò, deba ak espas pou gen plizyè opinyon sou pwoblèm ki pa fondamantal yo; men sijè nou dwe dakò sou yo yo pi plis anpil. Yon tewoloji kretyen ki baze sou Bib la pèmèt nou pi byen konprann Bondye, sali ak misyon nou nan monn sa a.

Pou kèk moun, tèm "teyolojyen an" fè panse ak yon vye granmoun k ap li nan liv ki chaje pousyè nan yon chanm ki pa gen anpil limyè, fouye nan tèm ki totalman pa gen rapò ak lavi reyèl. Pa gen anyen ki ka mwens vre: 2 Timote 3:16-17 di tout sa ki ekri nan Liv la se nan Lespri Bondye a yo soti, literalman "respire" pa Bondye. Li esansyèl pou fè gen matirite. 

Etidye teyoloji se chache fas Bondye, chache rankontre Kreyatè linivè a ak Pitit Gason l Jezikri epi rekonèt li kòm Senyè lavi nou, pou l nan sant dezi nou, afeksyon nou ak konesans nou. Lè sa a, entimite sa a reflete nan tout aspè nan lavi nou: nou sezi wè benediksyon li yo, li rekonfòte nou nan dèy, li fè nou fò nan feblès nou yo e li soutni nou, jouk nan finisman lavi nou, lè nou va wè li fasafas. Ekriti yo pale nou sou Bondye. 

Plis nou etidye Pawòl li, se pi byen n ap konnen li. 

Tradiksyon: JDE

W ap jwenn atik orijinal la nan lyen sa a: Qu'est-ce que la théologie chrétienne?

Pou kesyon, konsèy ak plis oryantasyon, ekri otè a nan stelaadm23@gmail.com


Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...