mardi 27 février 2024

Enfòmasyon jeneral sou STELA | 2024



Byenvini nan STELA (SEMINAIRE DE THEOLOGIE EVANGELIQUE DE L'ARTIBONITE). Nou egziste depi 27 janvye 2018. Se Dr Roldy Télasco ki te fonde seminè sa pou kontribye nan fòmasyon kretyen ak lidè kretyen an Ayiti, espesyalman nan Depatman Latibonit la. 

Misyon STELA se bay minis eklezyastik yo fòmasyon entegral pou yo ka sèvi ak transfòme kominote yo daprè sa Bib la anseye. 

NIVO AK DIRE ETID NAN STELA

Pou koulye a, STELA bay fòmasyon nan nivo sa yo:

1. Sètifika nan Teyoloji (12 mwa)

Ou pa bezwen fini lekòl pou jwenn yon sètifika nan STELA. Sepandan, selon ka a, fòk ou soumèt omwen yon pyès ki ka pwouve etid ou te fè pou suivi administratif. 

2. Diplòm (24-36 mwa)

3. Lisans (12-36 mwa)

Aktyèlman, se yon pwogram espesyal pou etidyan ki deja diplome nan teyoloji. L ap dire 12 mwa. 

KONDISYON JENERAL POU ETIDYE TEYOLOJI NAN STELA

1. Ou dwe konvèti epi batize nan dlo

2. Ou dwe gen matirite espirityèl epi gen yon bon temwanyaj anndan ak deyò legliz ou.

3. Ou dwe ranpli yon fòmilè enskripsyon pou bay enfòmasyon kòrèk de ou.

4. Ou dwe soumèt pyès ki egzije selon nivo w ap enskri a.

5. Bay yon lèt rekòmandasyon pastè oswa responsab legliz ou pèsevere (w ap jwenn fòm nan lè w fin ranpli fòm enskripsyon an epi peye frè enskripsyon an).

6. Pase yon entèviyou.

Nouvèl sesyon: 14 Septanm 2024



Domèn etid yo 

STELA gen 4 domèn etid:

1. Etid Jeneral (EJ)..............100-199
2. Etid Biblik (EB)...............200-299
3. Etid Teyolojik (ET)..........300-399
4. Etid Pastoral (EP).............400-499

Orè kou yo:

Samdi: 2:00-6:00PM

Dimanch : 2:00-6:00PM

Pou lòt kou, ap gen seminè ak lòt metòd pou etidye andeyò orè a.

Lokal STELA bay kou yo

  • Collège Mixte Eben Ezer, Lasiri (Senmak)
  • Seminè nan Eglise de Dieu Elim 

Frè enskripsyon

1000goud 

 SETIFIKA | DIPLOM|LISANS

1. Ou dwe konvèti epi batize nan dlo

2. Ou dwe gen matirite espirityèl epi gen yon bon temwanyaj anndan ak deyò legliz ou.

3. Ou dwe ranpli yon fòmilè enskripsyon

4. Ou dwe soumèt pyès sa yo nan moman w ap enskri a:

  • SÈTIFIKA: Orijinal ak fotokopi pyès ki ateste finisman klas 9e AF (fich, relve nòt)
  • DIPLOM: Segondè II (Bak 1, fich egzamen, relve nòt, oswa Segonn (NSII).
  • LISANS: Bak II oswa Bak Inik

Anplis de sa...

- Orijinal ak fotokopi Papye Nesans oswa Ekstrè Achiv

- 2 foto idantite ki resan (tounèf)

5. Peye frè jeneral yo avan ouvèti sesyon an.

6. Bay lèt rekòmandasyon pastè legliz ou pèsevere (w ap jwenn fòm nan lè w fin ranpli fòm enskripsyon an epi peye frè enskripsyon an)

7. Pase yon entèviyou soti 24 pou rive 31 dawout 2024. 

Mwayenn pou pase

65/70% selon nivo w chwazi a.

Dokiman ak materyèl 

Depi ou fin peye frè jeneral yo ki egzijib avan ou kòmanse suiv kou yo, w ap jwenn

1. Yon liv etidyan

2. Mayo lekòl la

3. Badj (aprè foto)

Kèk prensip pou dewoulman etid la

1. Ou dwe disponib pou etidye. Evite pran angaje ou nan lòt aktivite nan orè kou a. Absans yo ap redui sou pwen nan kou ou rate yo e l ap diminye sou posiblite pou fè mwayèn ki egzije a.

2. Ou dwe gen kapasite pou ekri kreyòl oswa fransè. Si ou ka fè tou de, se pi bon.

3. Ou dwe gen kapasite pou fè devwa nan lang kreyòl oswa fransè. Si ou ka fè tou de, se pi bon.

4. Ou dwe asire ou vin etidye tewoloji pou ministè ou, se pa pou fè lajan.

Lyen pou enskri nan Lisans: Lisans 12 mwa pou etidyan ki gen diplòm deja

Lyen pou enskri : Formulaire d'inscription

Lyen premye gradyasyon nou: Graduation du 23 juillet 2022

Lyen dezyèm gradyasyo nou: Graduation du 26 juillet 2024

1.   Pou plis enfòmasyon, rele oswa WhatsApp nan 3934-1225/4075-6250.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Predication: Bonne théologie, effet congélateur!

  « Les trois composantes essentielles d'un sermon sont la vérité, la clarté et la passion» disait Campbell Morgan, le célèbre prédicate...